"Si nou pa kanpe pou timoun, nou pa kanpe pou anpil."
Marian Wright Edelma
Travay nou
Travay imanitè nou an nan Gressier konsantre sou twa poto mitan, ki se Edikasyon, Swen Sante ak Devlopman Ekonomik. An reyalite, pwogram nou yo gen rapò ak Lekòl Metye, Fwa Medikal, ak inisyativ Ekonomik pou ankouraje ti biznis ak letan se tout kalite aksyon CAGH pran pou montre angajman nou pou ranpli misyon nou nan Gresye.
Nou pran angajman pou nou bay resous ak sipò ki nesesè yon fason pou gen enpak dirab nan kominote a. Nou kwè lè nou travay nan tèt ansanm ak òganizasyon lokal yo ak tout moun ki gen enterè yo, nou ka bay moun Gresye pouvwa pou yo pran yon pi bon kontwòl lavi yo.

Patenarya & Patwonaj
ALAIN V.
MASSENA, ESQ.
JACKSON
GUSTAVE
DR.VALERIE
ANTOINE-GUSTAVE
JEAN RENAND ALEXANDRE

Òganizasyon Sè
Anndan òganizasyon nou an, CAGH, nou devlope yon patenarya djanm ak asosyasyon lokal yo epi komite devlopman, tankou CADGH, HIEDLB, ak O.V.E. ki chita nan Santo. Se sipò enkondisyonèl ak jenerozite donatè devwe nou yo, ki aktive devouman nou pou misyonnou nan CAGH.
Depi nan kreyasyon CAGH, moun ki gen bon kè sa yo, se yo ki te poto mitan dèyè tout pwojè ak pwogram CAGH, espesyalman sant devlopman CAGH ki se yon sant pou aktivite sosyal nou yo. Parenaj yo genyen yon enfliyans vizib sou aksyon nou antreprann yo, tankou bati yon sant aktif, pwen stantral tout inisyativ sosyal nou yo.
Òganizasyon sè nou yo, tankou HIEDLB, montre enpòtans tèt ansanm. Sipò remakak HIEDLB pou lekòl metye a parèt klè. Manm yo bay elèv ki nan klas kwizin, kouti, ak kosmetoloji bousdetid. Tèt ansanm sa a pouse nou pou pi devan. Sa ki pèmèt nou pwogrese nan misyon nou pou leve tèt kominote yo nan Gresye, Ayiti, ak rejyon ki antoure li yo. Ansanm, nou tise yon tapi pou chanjman pozitif ak otonòm.

